vendredi 24 août 2012


Indiyasyon

Se youn dam yo rele Sonia: lite gen youn sèl pitit gason lite rele li “ Tipouchon” Sonia te renmen pitit lisa pase de ge nan tèt li. Rèv Sonia sete voye Tipouchon al etudye nan peyi etrange, menm jan ak tou gran famiy ki voye pitit yo al nan peyi Blan. Sonia vann tout sal genyen poul voye Tipouchon al etudye nan peyi blan. Sonia vin santi li soulage paske rèv li akompli. Sonia  lage de bra balanse, paske li pagen lajan anko, lipa gen byen, men li toujou gen espwa youn jou Tipouchon a voye chache li poul ka pile peyi Blan..

Sou rout Sonia lite rankontre ak youn dam yo rele Nedgie; Nedgie sa depi li pase youn kote fok li kite tras li: epa janm gen youn moun ki pale byen de Nedgie toujou se mal. Nedgie tèlman gen movèz fwa li fè yo arete Christine metel nan prison san rezon, Nedgie te panse fors magi teka sèvi li, men elas rive nan Jugman magi pat ka pale! Konfyans Christine te gen nan Jezu lite arrive genyen pose ya. Nedgie mennen Sonia al travay ka Madan Roger, e Nedgie forse Sonia antre nan relasyon ak Roger: jou ki pate jou Roger madan li kenbel ak sèvant lan kise Sonia, mal chans pou Sonia li ansint menm jou wa pou Roger, yo te oblige mete Sonia deyor nan kay la, san lipa konnen kote li prale, Sonia al mande Nedgie ladesant, Nedgie pat asepte lite dil bor Sakrekeu ya gen pals toujou. Sonia te oblige al viv kay kouzin li Venvenn.  Sonia vin akouche life youn pitit fi li rele li Morimar, a lag de 18 tan pitit fi sa vin fè youn mennag, san li pat konnen kilès ki fanmiy jennom lan. Sonia malad, lipa menm ka ale kay dokteu, pourtan Tipouchon pitit Sonia te voye aletrange ya, te gen ti zanmi danfans li yo rele David, david vin polisye nan vil Okay, Tipouchon  toujou voye lajan bay David, men li bliye sise manman li kite voye li pati. Maladi tibèkiloz mete pye sou Sonia: Tipitit fi Sonia yo rele Morimar pat janm gen youn moun kite esplikel ki moun ki papa li, jennom sa li renmen ak li ya, te deside Mennen papa li al wè manman mennag li kise Sonia ki soufri tiberkiloz, leu ROGER rive li wè se Sonia dam kitap travay la kay li ya, se ak li pitit gason li yan renmen an. INDYASYON sa te Mennen SONIA anba tè, e menm INDIYASYON sa te  fè pitit fi SONIA antre nan Kouvan poul vin mè. Se nan la mor TIPOUCHON vle bay manman li bel anterman ki koute chè, men li bliye sise nan mizè manman li mouri. Pou NEDGIE maladi Sida te kondwi li anba tè